An nou pote kole pou Ayiti dekole
Ase ase
Ase tande zam kap tire pow pow 
Nou bouke nou nouke
Tout manman pitit nou yo dwe manje
Afè dola kap pede monte 
Ensekirite menm se pa pale
Eske dezòd sa yo finanse, c’est asser
Oh papa di yon mo pou nou – wa di yon mo pou elev lekòl yo
Oh papa di yon mo pou nou – yap plede fè n fè tolalito
Gen sa ki vle voye n a dwat 
Gen sa ki vle voye n a goch
Pèp la nan mitan li pa monte 
Li pa desann li pa deplase
Leve chemiz anlè – lage m nan kay la 
Mwen di leve mayo anlè – lage m nan kay la
Souke souke mesdames et messieurs men boule deboulay
Lavi timoun yo pa epanye 
Manman senti mare ap rele la
Tout moun de men nan tèt ap mande 
Kote pwoblèm peyi sa prale
Ede m chante 
Nou pa kapab ankò – de men n anlè pou n balanse
Nou pa kapab ankò – nou rele la
Nou pa kapab ankò – de men n anlè pou n balanse konsa
N ap tire wòch n ap kraze brize
Boule mache pap fè sa chanje la
Lè w femen lekòl jenès la w bloke
Avni peyi a w ap boykote
Ede m chante
Nou pa kapab ankò – de men n anlè pou n balanse
Nou pa kapab ankò – nou rele la
Nou pa kapab ankò – de men n anlè pou n balanse konsa
Nou pa kapab 
Kenny sispann preche, vin boule sa pou nou
Boule – boule deboulay
Depi m antre nan Kai pèp la di li nan batay
Depi m antre nan kay pèp la di li pap pran may
M santi m pral dedouble – leve mayo w anlè tonnè
M santi m pral dedouble – woy leve chemiz anlè tonnè
M santi m pral dedouble – woy leve bagay anlè tonnè
M santi m pral dedouble – leve kaskèt anlè
Boule deboulay – boule vire bagay anlè
Ole ole olay
Yo te panse se te piyay
Mwen sèmante mwen pa pè chay
Ahhh stop
M wè w kanpe sou politik pa ban m panik
Kite ti pèp la pran plezi l kite ti pèp
Anmwey kite ti pèp la pran plezi l tande
Anmwey anmwey anmwey kite ti pèp la pran plezi l tande
Kounya nou pral pote kole
Pou Ayiti ka dekole – frape l frape l bla
Si nou dakò pou sa chanje
Frape l 
Woy 
Shots ina the air – pow
Kenny Kai Mikaben shots ina the air 
Si w wè yon ti bredjen lavi chè voye l anlè l pa atrap li
Pa kite l tonbe vole pran l 
Si w wè yon limena lavi chè voye l anlè l pa atrap li
Pa kite l tonbe vole pran l
I wanna say, s on bagay ensanse, moun pa ka depanse 
Tout moun de bra balanse 
Twòp brejen k ap brase twòp limena kap brase
Pa gen manje, pa gen travay, bagay la rèd oh leve de men n anlè
Kite de men n anlè vole – vole pran l
Site solèy – vole pran l
Lasalin – vole pran l
Ayiti cheri – ayyyy
Nou pap pèdi batay la  









